KANSAS CITY, MO — Komite Planifikasyon Katye a (Neighborhood Planning Committee) te adopte yon rezolisyon pou asire ke si elektè yo apwouve yon emisyon obligasyon 50 milyon dola, yo t ap voye lajan an nan Fon pou Lojman an

Kesyon 2 sou bilten vòt mwa novanm nan KCMO mande elektè yo pou yo apwouve emisyon 50 milyon dola nan obligasyon jeneral pou finanse lojman abòdab epi retire bilding ki kraze e ki abandone.

Komite Planifikasyon Katye a te adopte yon rezolisyon ki pral garanti ke y ap voye lajan an nan Fon pou Lojman an.

Manm KC Tenants yo te pataje istwa ak difikilte lavi ki deraye poutèt yo san kay ak poutèt lojman ki twò chè pou yo ka peye.

“Sa pa t pran anpil tan anvan mwen te vin san kay epi m t ap dòmi sou kanape lakay moun pandan 6 mwa anvan mwen pa t kapab peye yon apatman nan midtown ankò,” yon manm KC Tenants te di manm Konsèy yo.

Rezolisyon an te pase ak vòt tout moun.

“Ansanm nou ka asire chak moun nan vil nou an gen kay, gen manje, epi gen aksè ak resous yo bezwen pou yo gen yon lavi ki an sante, ki an sekirite e ki plen kè kontan,” yon manm KC Tenants te di.

Manm Konsèy la Melissa Robinson ak lidè nan KC Tenants te di lajan an, si yo apwouve li, pral ede moun ki nan 30% Revni Medyan Zòn nan oswa pi ba jwenn lojman yo ka peye.

“Rezolisyon sa a jodi a make epi garanti ke 50 milyon dola pral ale vrèman nan lojman abòdab,” Johnathan Duncan, yon lidè KC Tenants, te di.

“Dezyèm bagay la se ke lajan an pral ale vrèman nan Fon pou Lojman an, yo p ap sèvi avè l pou lòt bezwen vil la men y ap rezève l pou Fon pou Lojman nou an,” Melissa Robinson, manm Konsèy pou 3yèm Distri a, te di.

Manm Konsèy Minisipal Melissa Robinson ak lidè nan KC Tenants di lajan an pral ede bay lojman pou moun ki nan 30% Revni Medyan Zòn nan oswa pi ba.

“Lè nou gade moun ki fè anviwon 18,000 dola pa ane oswa konsa, yo pa fè ase pou yo resevwa yon sibvansyon oswa lojman sibvansyone nan men Housing Authority a,” manm Konsèy la Robinson te di. "Men yo pa ka peye lwaye nan pri mache a non plis, donk n ap gade moun ki ka peye anviwon 600 dola oswa konsa pou yon apatman.”

Duncan, ki nan KC Tenants, te ajoute ke 30 pousan AMI, pou pifò moun ki pa konnen, se anviwon 500 dola pou yon apatman yon chanm, konpare ak 60 pousan AMI ki se 1,200 dola pou yon apatman yon chanm," Duncan te di. "Sa a se vrèman lojman abòdab,” Duncan te di.

Lidè KC Tenants yo ak manm Konsèy la Robinson di KSHB 41 News lefètke yo voye rezolisyon sa a bay Konsèy Minisipal la se yon gwo premye etap pou rezoud kriz lojman an.

“Si nou gen moun k ap travay, k ap viv, k ap pwodiktif nan vil sa a, alò nou gen yon vil ki pi fò e donk sa a se yon gwo bezwen pwofon nou dwe mete an priyorite.” manm Konsèy la Robinson te di.